Tip:
Highlight text to annotate it
X
Mwen te achte yon bous nan yon magazen ki te gen etikèt avèk yon pri sou li epi pita mwen te vin konnen
yo te fè mwen peye twòp lajan parapò avèk sa pri-dacha a te ye. Poutèt sa, mwen te diskite avèk yo epi
epitou mwen te diskite avèk konpayi kat kredi mwen, yo te refize remèt mwen lajan mwen pou diferans lan, poutèt sa mwen te fè
0yon plent nan Zafè Konsomatè. Mwen fè plent lan sou entènèt. Epi nan apeprè yon mwa oswa mwens,
Mwen te resevwa yon koutfil magazen an epi yo te di mwen yo pral remèt mwen lajan diferans lan.
Mwen ta fè tout moun New York konnen gen ajans gouvènman tankou Depatman
Zafè Konsomatè ki la epi ki bay sèvis gratis; ou kapab itilize pou ede ou rezoud
plent yo. Ou ap gen pou pran yon avoka pou rezoud pwoblèm ou. Sa te mache
trè byen; mwen te resevwa lajan mwen san pèdi tan.